L’OMBRE DE SON CHOIX ÉPISODE 1


 L’OMBRE DE SON CHOIX

                           ÉPISODE 1
Écrit par : Addadou
Sponsorisé par : Addadou
📩 :adnallubin26@gmail.com
Facebook: Lire et ressentir
Chaîne WhatsApp: Lire et ressentir 
  
Quand l’amour devient un choix… et que l’ombre d’un passé ressurgit pour tout bouleverser.

Suivez la page “Lire et Ressentir” pour découvrir tous les épisodes!

Yon kè ki louvri ka resevwa flè… men li ka resevwa flèch tou.

Chloé, yon jèn fi kretyèn ki te gen 18 tan, ki tap fè filo. Li te toujou dous, trankil, ak je ki chaje kesyon sou lavi, sou lanmou, sou kè moun. Nan legliz li a, li toujou chita nan dènye ban, tankou lonbraj kè poze ki pa janm mande limyè. Men jou sa a, lavi l pral chanje… pa paske li t'ap chèche sa, men paske li te rive lè pou verite kè l reveye.

Kay Chloé

Maëva: frape Tòk! Tòk! Tòk!

Chloé(anndan): Wi! Se kiyès?

Maëva: Se Mayou wi!

Chloé (ap pwoche): M'ap vini…

Li ouvri pòt la, Maëva antre ak souri sou figi l.

Maëva: Chloé, ou pa p al nan konkou a ankò?

Chloé (ap rale ti rad li): Men wi! … èske mwen janm rate aktivite legliz mwen? Tann mwen non, mal benyen rapid!

Maëva (ap gade mont li): Fè vit pou nou pa anreta, tan ap pase!

Chloé antre douch la, li kòmanse chante dousman. Se pa sèlman yon chante, se yon priyè. Li priye pou legliz li genyen. Kè l ap bat, men li pa konnen se pa sèl batay biblik l ap rankontre jodi a.

Chloé (anndan tèt li): “Se pou ou beni legliz mwen an jodi a, Jezi… ban nou viktwa, tanpri!”

Chloé ak Maëva ap mache vit, legliz la pat lwen yo. Lè yo rive, tout moun gentan chita. Ekip ki reprezante legliz la pare. Se la, li wè l…

Elyan.

Yon jèn gason 17 an, mizisyen trankil, figi li frape je Chloé pi plis pase tout lòt fwa li te konn wèl yo . Li te toujou la… men jou sa, se pat menm bagay . Pa paske li chanje, men paske kè Chloé fèk ouvè.

Elyan te kanpe sou podium lan, ak frè l Joudley. Yo t ap reprezante legliz la. Chloé t ap gade l san li pa menm rann li kont. Zye l pa t ka soti sou li. Men...

Chloé (souke tèt li, ap pale ak Maëva): Mayou… se Elyan ki pral fè nou pèdi konkou sa wi!

Maëva (ri): Gade ou non! Se ou k'ap gade li tankou se premye fwa ou wè li!

Chloé (ri, li frèt): Mmmm,  mwen pa konn sa ou ap di la non… men gade jan l sanble pa fin pare pou konkou a.  

Konkou a demare. Elyan fè erè sou erè. Joudley eseye kouvri pou li, men twò ta. Rezilta: Legliz la pèdi.

Apre Konkou a, deyò legliz la

Chloé ak Maëva ap mache sòti. Figi Chloé gen yon melanj dezapwentman ak tòti emosyonèl.

Chloé (ankolè): Mayou! Se pa ti wont non! Se Elyan ki fè nou pèdi!

Maëva: Wi, li te trò ezite. Li te pèdi tout sans li sou podium lan!  
Chloé: Men li konn Bib la, non? Sa ki pase? Ou wè jan li t ap fè kòm si li pa konn anyen!  

Maëva (ap ri): Petèt li te gade w li pèdi konsantrasyon.  

Chloé (fèmen bouch li yon ti tan, souke tèt li): Tchhh… si se sa, li mèt bliye sa. Paske mwen pa vle gaspiye tan ak moun ki pa menm ka kenbe tèt yo pou yon konkou senp. M’ pa bezwen gason konsa.  

Yo kontinye mache. Chloé pa ka sispann sonje je Elyan sou podium lan. Li fache, men li brile andedan.

Chloé (anndan tèt li): “Poukisa se jodi a pou m remake li? E poukisa li te fè nou pèdi?”

Malgré tout wont konkou a pote, se pa pèdi a ki te fè plis bri… se yon je li pa t janm remake anvan.

À SUIVRE…

Enregistrer un commentaire

Plus récente Plus ancienne